Èske se pa sèl Atis Ayisyen ki Sipèsta k ap dakò bloke Etazini, pandan yo gen Albòm k ap mache, Ayiti ak plizyè lòt peyi ap tann yo, men yo pito sakrifye Moman sa yo pou yon Lyen ineksplikab yo gen ak Etazini?
Li Klè pou tout moun, depi kèk Ane, Leta ak Gang mete peyi a Envivab, men èske se yon vrè rezon ki pou fè tout Bon Valè yo Kouri? Non, Peyi a toujou ap Fonksyone, tout moun kap byen pase ladan l, se moun ki pa gen okenn vizyon pou peyi a ke pwofite anrichi nan mizè a, epi voye lajan an deyò.

An nou pa fè twòp pale, ann rive nan Malè pandye a. Apre Lanmò Jovenel, nou tout dakò ke pwoblèm peyi a miltipliye pandan y ap ba nou plis Lidè nan tèt peyi a. Gang yo ap elaji, e misyon tout Lidè sa yo se te bay Sekirite.
(Echèk Total)
Kisa ki fè anpil Atis ak gwo pèsonalite piblik Kouri? ENSEKIRITE.
Ki grenn Rezon ki fè yon Sipèsta bloke karyèl e bloke Etazini? ENSEKIRITE.
Apre Lanmò Jovenel, malgre plizyè moun pase sou pouvwa a, ki pi gwo pwoblèm Ayiti? ENSEKIRITE.
Kounya, kisa n ap tann pou nou Aji?
Ebyen Eleksyon gentan ap prepare, gen plis ke 30 pati politik, ki ak prèske menm vizaj nou te konnen yo, menm moun ki te toujou wè sa yo ka fè lè yo potko sou pouvwa a.
Kijan Atis, Enfliyansè, Jounalis, moun ki popilè ka sove Ayiti anba malè sa?
Ebyen Lè a rive pou nou kòmanse konekte, reyini nou, itilize vwa nou pou fè konnen son peyi nou vle konstwi, se pa yon lakou pou nèg a vès vin fè pedan.
Eleksyon pral rive, yo pral bwouye pèp la ak plis ke 30 kandida, yo pral gaspiye lajan nan kanpay.
Si tout bon nou pa p vle nan al rele Aba, oubyen jwenn yon prezidan menm jan ak Ransè ki pase Apre lanmò Jomo a.
Atis yo, Solisyon an se “Bay pèp la nouvo prezidan an.”
Kijan nou dwe mennen Batay sa, li trè Fasil, se yon peyi nou vle konstwi e nou chaje rèv pou li.
N ap kòmanse pa chwazi yon lidè, nou prezante pèp la, e nou fè tout bagay nan Transparans, yon lidè ki pral dirije ak sektè prive, Dyaspora, Atis yo e tout moun ki gen gwo Rèv pou peyi a. Li pa posib pou yon moun fè yon ane nou pa wè sa l ap regle.
Dyalòg la dwe fèt pou tout pèp la Wè ke peyi a dwe dirije selon yo menm ak tout prensip sa mande.
Si toutfwa Moun sa pa Kapab, n ap lejitim pou nou fè l lage pye l, menm si ke l ap trè difisil pou nou chwazi yon moun ki pral dirije selon pèp ak tout sa ki vle ede yo “pa kapab”.
Savann nan dwe fèmen, n ap chwazi yon prezidan depi sou premye jou l, li ouvè peyi l pou tout pitit peyi a vin mete men nan rèv yo. Yon prezidan ki pa p privilejye boujwa sèlman, yon prezidan k ap kwè nan transparans.
Eleksyon pa janm yon bagay ki senp. Mechan yo renmen pouvwa, yo pa renmen peyi. Depi nou ba yo legen, y ap pran peyi a, e y ap kontinye pouse do n.
Wi, nou kapab ba yo yon Leson. Lè a rive pou nou fè plizyè Kandida tèt Flit yo fè Kòve.
Fwa sa, menm si gen moun ki pran 1000 goud la, yo pap jwenn rezilta.
Yo vle toujou kokoratize nou, pou nou pa janm remete Sports kanpe, pou nou pa janm gen bèl èpòt, bèl Stad, konstwi plizyè Apatman, bon konpayi Avyon, bon Entènèt, plizyè libreri pou Jèn, kouran 24/24.
Yo vle fè n kwè se kay Vwazen an nou ka jwenn lux sa yo sèlman.
Antouka, Lè a Rive pou se Nou ki chwazi. Si n ap echwe, n ap echwe ansanm. Nou pap kite 10 grenn fè nou Echwe‼️
Lè a rive pou nou di se Vil pa m ki pi bèl.
Se pa sèl Okap ki dwe fè Efò, tout lòt Kote yo kapab tou.
Itilize ògèy nou an nan pwogrè Zòn nou.
