By using this site, you agree to the Privacy Policy and Terms of Use.
Accept
Ado AdoAdo AdoAdo Ado
  • Accueil
  • Actualités
  • Entertainment
  • Musique
  • Sport
    • Ado Match Center
  • Culture
  • Technologie
  • Éphéméride
  • À Savoir
  • Science & Santé
  • Ado Ado
  • Notre Media
Search
  • Contact
  • Blog
  • Complaint
  • Advertise
© 2026 Ado Ado. Tous droits réservés. Created, Designed & Powered by Ado Ado • Simple • Human • Evolving
Reading: Kijan Atis Ayisyen yo dwe SOVE tèt yo ak Ayiti nan Eleksyon k ap vini an?
Share
Sign In
Notification Show More
Font ResizerAa
Ado AdoAdo Ado
Font ResizerAa
  • Accueil
  • Actualités
  • Entertainment
  • Musique
  • Sport
  • Culture
  • Technologie
  • Éphéméride
  • À Savoir
  • Science & Santé
  • Ado Ado
  • Notre Media
Search
  • Accueil
  • Actualités
  • Entertainment
  • Musique
  • Sport
    • Ado Match Center
  • Culture
  • Technologie
  • Éphéméride
  • À Savoir
  • Science & Santé
  • Ado Ado
  • Notre Media
Have an existing account? Sign In
Follow US
  • Contact
  • Blog
  • Complaint
  • Advertise
© 2026 Ado Ado. Tous droits réservés. Created, Designed & Powered by Ado Ado • Simple • Human • Evolving
Ado Ado > Blog > Actualités > Opinion > Kijan Atis Ayisyen yo dwe SOVE tèt yo ak Ayiti nan Eleksyon k ap vini an?
OpinionActualités

Kijan Atis Ayisyen yo dwe SOVE tèt yo ak Ayiti nan Eleksyon k ap vini an?

Last updated: August 1, 2026 4:27 pm
ANMWEYYY - Collaborateur éditorial
Share
SHARE

Èske se pa sèl Atis Ayisyen ki Sipèsta k ap dakò bloke Etazini, pandan yo gen Albòm k ap mache, Ayiti ak plizyè lòt peyi ap tann yo, men yo pito sakrifye Moman sa yo pou yon Lyen ineksplikab yo gen ak Etazini?

Li Klè pou tout moun, depi kèk Ane, Leta ak Gang mete peyi a Envivab, men èske se yon vrè rezon ki pou fè tout Bon Valè yo Kouri? Non, Peyi a toujou ap Fonksyone, tout moun kap byen pase ladan l, se moun ki pa gen okenn vizyon pou peyi a ke pwofite anrichi nan mizè a, epi voye lajan an deyò.

An nou pa fè twòp pale, ann rive nan Malè pandye a. Apre Lanmò Jovenel, nou tout dakò ke pwoblèm peyi a miltipliye pandan y ap ba nou plis Lidè nan tèt peyi a. Gang yo ap elaji, e misyon tout Lidè sa yo se te bay Sekirite.

(Echèk Total)

Kisa ki fè anpil Atis ak gwo pèsonalite piblik Kouri? ENSEKIRITE.

Ki grenn Rezon ki fè yon Sipèsta bloke karyèl e bloke Etazini? ENSEKIRITE.

Apre Lanmò Jovenel, malgre plizyè moun pase sou pouvwa a, ki pi gwo pwoblèm Ayiti? ENSEKIRITE.

Kounya, kisa n ap tann pou nou Aji?

Nan 5 ane nèg yo echwe nan goumen pou bay 2 depatman sekirite..
Menm yo menm gentan ap depoze pyès pou yo Vin devlope peyi a 😀

Pitit yo lòtbò dlo,Yap viv nan Otèl Ayiti‼️

🔴Nan Eleksyon kap vini la a,Atis yo sipoze jwe yon Gwo Wòl pou fè tout Fatra sa yo fè Kòve✔️

ATIS YO 🙏

— ANM₩€¥¥¥ (@anmweyyy) March 20, 2026

Ebyen Eleksyon gentan ap prepare, gen plis ke 30 pati politik, ki ak prèske menm vizaj nou te konnen yo, menm moun ki te toujou wè sa yo ka fè lè yo potko sou pouvwa a.

Kijan Atis, Enfliyansè, Jounalis, moun ki popilè ka sove Ayiti anba malè sa?

Ebyen Lè a rive pou nou kòmanse konekte, reyini nou, itilize vwa nou pou fè konnen son peyi nou vle konstwi, se pa yon lakou pou nèg a vès vin fè pedan.

Eleksyon pral rive, yo pral bwouye pèp la ak plis ke 30 kandida, yo pral gaspiye lajan nan kanpay.

Si tout bon nou pa p vle nan al rele Aba, oubyen jwenn yon prezidan menm jan ak Ransè ki pase Apre lanmò Jomo a.

Atis yo, Solisyon an se “Bay pèp la nouvo prezidan an.”

Kijan nou dwe mennen Batay sa, li trè Fasil, se yon peyi nou vle konstwi e nou chaje rèv pou li.

N ap kòmanse pa chwazi yon lidè, nou prezante pèp la, e nou fè tout bagay nan Transparans, yon lidè ki pral dirije ak sektè prive, Dyaspora, Atis yo e tout moun ki gen gwo Rèv pou peyi a. Li pa posib pou yon moun fè yon ane nou pa wè sa l ap regle.

Sispann bay moun ki pa santi pitit ak madanm yo an sekirite nan peyi a,Dirije peyi a‼️

Depi yo wè kè nou kontan sou entènèt,Yo satisfè..

— ANM₩€¥¥¥ (@anmweyyy) July 1, 2026

Dyalòg la dwe fèt pou tout pèp la Wè ke peyi a dwe dirije selon yo menm ak tout prensip sa mande.

Si toutfwa Moun sa pa Kapab, n ap lejitim pou nou fè l lage pye l, menm si ke l ap trè difisil pou nou chwazi yon moun ki pral dirije selon pèp ak tout sa ki vle ede yo “pa kapab”.

Savann nan dwe fèmen, n ap chwazi yon prezidan depi sou premye jou l, li ouvè peyi l pou tout pitit peyi a vin mete men nan rèv yo. Yon prezidan ki pa p privilejye boujwa sèlman, yon prezidan k ap kwè nan transparans.

Eleksyon pa janm yon bagay ki senp. Mechan yo renmen pouvwa, yo pa renmen peyi. Depi nou ba yo legen, y ap pran peyi a, e y ap kontinye pouse do n.

Wi, nou kapab ba yo yon Leson. Lè a rive pou nou fè plizyè Kandida tèt Flit yo fè Kòve.

Fwa sa, menm si gen moun ki pran 1000 goud la, yo pap jwenn rezilta.

Yo vle toujou kokoratize nou, pou nou pa janm remete Sports kanpe, pou nou pa janm gen bèl èpòt, bèl Stad, konstwi plizyè Apatman, bon konpayi Avyon, bon Entènèt, plizyè libreri pou Jèn, kouran 24/24.

Yo vle fè n kwè se kay Vwazen an nou ka jwenn lux sa yo sèlman.

Antouka, Lè a Rive pou se Nou ki chwazi. Si n ap echwe, n ap echwe ansanm. Nou pap kite 10 grenn fè nou Echwe‼️

Lè a rive pou nou di se Vil pa m ki pi bèl.

Se pa sèl Okap ki dwe fè Efò, tout lòt Kote yo kapab tou.

Itilize ògèy nou an nan pwogrè Zòn nou.

Nan Ane kap vini yo,pa gen Okenn gwo* selebrite AYISYEN kap gon pitit li nan Inivèsite an AYITI‼️

Yo Relem Anmweyyy…

— ANM₩€¥¥¥ (@anmweyyy) July 6, 2025
Victor Wembanyama relance la finale NBA : la démonstration d’un futur roi.
Résilier le contrat de Sébastien Migné : un choix qui pourrait coûter cher à la Fédération Haitienne de Football.
Mondial 2026 : les 10 conseils de Carel Pedre aux supporters haïtiens pour soutenir les Grenadiers
Coupe du Monde 2026 : les milliards qui se cachent derrière le plus grand spectacle du football.
Cap-Vert : ces facettes méconnues d’une culture entre l’Afrique, l’Europe et l’Atlantique
SOURCES:ANM₩€¥¥¥.
Share This Article
Facebook Copy Link Print
Share
Previous Article Les clés musicales : les symboles qui donnent une voix à chaque note
Next Article KHARA : Knowledge • Harmony • Awakening • Revelation • Ascension, La révolution douce des “Chants d’Espérance”
Leave a Comment

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Restez informé avec Ado Ado
Recevez les dernières actualités, analyses sportives et contenus exclusifs directement dans votre boîte mail.

Stay Connected

FacebookLike
XFollow
InstagramFollow
YoutubeSubscribe
TiktokFollow
TelegramFollow
WhatsAppFollow
SnapchatSubscribe
ThreadsFollow

							banner							
							banner
Le futur appartient à ceux qui savent rester humains tout en continuant d’évoluer…

Latest News

KHARA : Knowledge • Harmony • Awakening • Revelation • Ascension, La révolution douce des “Chants d’Espérance”
Technologie Musique
Les clés musicales : les symboles qui donnent une voix à chaque note
À Savoir Musique
Un 28 juillet comme aujourd’hui est née Rutshelle Guillaume, l’une des plus grandes voix de la musique haïtienne.
Éphéméride
OutKast : l’histoire de deux visionnaires qui ont changé le rap… avant de choisir le silence
Rap Info

You Might also Like

Actualités

Melchie Dumornay reçoit la Médaille d’honneur du Sénat français

Ado Ado
2 Min Read
SportActualités

L’Éternel Messi : à 38 ans, le génie argentin continue d’écrire l’histoire…

Ado Ado
3 Min Read
Actualités

Fin du TPS : Haïti risque de perdre l’un de ses derniers piliers économiques

Lamana CENATUS
3 Min Read

À propos d’Ado Ado

Actualités, divertissement, musique, sport, technologie, culture et savoir.

Une plateforme média moderne dédiée à informer, inspirer et faire évoluer.

Support

  • À propos d’Ado Ado
  • Contact

Simple • Human • Evolving

Voir simplement

Penser humainement

Évoluer constamment

© 2026 Ado Ado. Tous droits réservés. Created, Designed & Powered by Ado Ado • Simple • Human • Evolving
Welcome Back!

Sign in to your account

Username or Email Address
Password

Lost your password?