Anba syèl pòtoprens
chamo pase nan je zegwi.
Nanpwen bouzen pou degouden
tanga tounen elikoptè pou transpòte rèv.
Anba syèl pòtoprens
Chak lonbraj ka mennen w
nan yon move koub
Chak soti ka yon segman
nan yon dènye liy dwat.
Anba syèl pòtoprens
nèg ap ba w tep
jis pou zipe bouch ou,
Menm lè lari a cho
tout danmijann gen bouchon.
Diyite fè defisi la a,
lekòl gratis se vre,
Men manmèl la jis pa gen ase lèt.
Sèvo yo la an katimini,
yo san lebra depi lè yo sispann
ba yo jwe wòl tèt.
Gen jou anba syèl pòtoprens
s on lanbouchi san.
Se mò k ap bouske lavi
Fiyèt lalo pa manje timoun ankò
li fè yo ap pran moso lespwa
nan men bawon
Anba syèl pòtoprens
gen kò gang, gen kò de kris
Gen kòde verite, gen kòripsyon
Anba syèl pòtoprens
gen kòtakòt nan kont ak kont.
Anba syèl pòtoprens
tout moun tou pou latak.
Anba syèl pòtoprens
tout moun sou kou.
