Malgre sa nou di,
malgre SA NOU FÈ,
Nou toujou alamèsi
yon bann ATOUFÈ.
Apre sa nou viv,
malgre SA NOU KWÈ,
okenn mal pa pou yo,
apre SA NOU K WÈ.
Nan rèv sa nou kwè, pou n di n pa p RET ATÈ.
Si Ayiti s on fim, se pèp la k pou RET AKTÈ.
Nèg yo gwòs libète n n ap fè yo MET ATÈ.
Avni peyi a se pou nou, nou se sèl REDAKTÈ.
Menm lè n pliye n pa pè,
nou gen pou n REDRESE N.
N aprann panse n pa kyè,
y ap toujou VLE BLESE N.
Tout moun pap vle lit la,
genyen k ap DETESTE N.
Yo pral jwe nan may nou,
ak kòb y ap VLE TESTE N.
Yo vle n toujou bese, devan yo pou MALTRETE N.
Manmèl ti bèf chè a fin sèch, nèg yo MAL TETE N.
Lè nou montre n fache, nan tèt nou BAL PETE.
Yo te bezwen van pou al Lagonav, enben pèp la PRAL PETE.
