Dèyè souri mwen,
gen yon istwa m pa janm rakonte,
gen kèk blesi tan pa rive efase,
gen kèk dlo nan je mwen aprann kache.
M souri,
pa paske lavi a dous pou mwen,
men paske m aprann mache
menm lè nanm mwen fatige .
Dèyè souri mwen,
gen nwit kote solitid anpare m
mwen rete pou kont mwen,
ap mande tèt mwen si demen ap pi bèl toujou.
Gen moun ki wè
Souri sou vizaj mwen
Men yo pa konnen n
Sa k ap travèse mwen .
Mwen souri pou m pa eksplike doulè mwen,
mwen souri pou m pa montre feblès mwen,
mwen fè sanblan mwen byen
Pou evite twòp kesyon
menm lè nan fon kè mwen
gen yon batay pèsonn pa wè.
Dèyè souri mwen,
gen rèv ki poko mouri,
gen espwa ki toujou ap viv ,
gen yon moun k ap aprann
renmen tèt li ak pasyon.
Petèt se sa ki fè souri mwen bèl:
se pa paske mwen pa janm soufri,
men paske malgre tout sa lavi fè m pase,
mwen toujou jwenn fòs
pou m souri ankò.
Dèyè souri mwen,
gen mwen menm…
yon moun ki konn kraze,
yon moun ki konn kriye,
men ki leve chak maten
Al bouske lavi,
Se pousa,
si yon jou ou wè m souri,
pa panse lavi m pafè.
Petèt se jis fason mwen di lavi a:
“Mwen konnen ou te eseye kraze m,
men gade mwen…
mwen toujou la.”
