Mwen g on dènye koli ki
pa bezwen atresko pou vini.
g on rakonte ki paka ret domi
avan pandil mwen gen tèt toudi .
gade tanpri
ou g on misyon pou akonpli ,
mwen g on komisyon pou ou cherie.
mwen g on swaf ki poko pase
mwen g on saliv m poko vale .
gen istwa mwen potko ekri
gen yon pawòl mwen anvi di
gen yon kè mwen anvi bat anba pla men m.
gen yon chalè kò mwen vle santi
gon rivyè siwo dòja m vle koule sou jounen m
gen dayiva m vle pran men m.
mwen anvi w sonje
gen yon souri mwen anvi gade
gon yon lèv mwen anvi goute
gen yon vwa mwen anvi tande
gen cheve m anvi touche .
ayayay cherie !!!
mwen g on je t’aime k ap pouri
mwen g on lanvi ki fin mi .
mwen g on kozri ki fin fè pichon
mwen g on lapipi ki fin rasi
gen dènye bouda trennen pou kalonnen
grangou fouk mwen madichon.
kè m lou kou pwa senkant
mwen an degraba
m ap bouske on bat ba
mwen g on makout chaje lanmou
k ap bouske kalfou w pou devèse .
mwen gen rado pwezi bakoulou
k ap tann zorèy ou pou l danse
mwen gen dènye senti kilòt pou woule
on dènye chaplè pou on dènye priyè
on dènye envokasyon pou geri tantasyon m
on dènye rès kiyè
avan tan fè nou lagè
m g on kout gidon pou m fè
m gen dènye brize lanfè
m gen dènye paradi pou m wè
on denyè lobedyans nan blackout pou m kite rèsèlè
gade madmwazèl
avan kòk lan kazyèl
pran ti fèy gwayav a pwa Kongo
lage kalbas kouran nan dlo
met ti bonm ak fèy twonpèt lan cho
bay bèt ou 2 pataswèl
avan solèy brenzeng mwen bay do
se nan tete doubout ou m vle alète
se alsiyis ou pou m dekachte
se chay bouda w, m vle pote san toke
se endiljans mwen vle peye
se sèl penitans mwen vle pase
se nan sèl lobedyans mwen vle pale
se nan sèl konvèjans fouk mwen vle ye
resevwa 2 grenn koze de grenn gòch mwen yo
avan m fin lapipi a fin kolboso m
se lè kolèt mwen pou 10 dwèt ou pe fè madjigriji
se nan rèl do m pou zong ou vin trase on karikati
m ap ekri m ap bave
lespri kanpe drèt kou pikèt
tout nanm mwen bande
pa mize kòman se ou m ap tann nan
e se tout medikaman azikrekre m nan
lafyèv frison sa pa pè remèd amè
se kò w pou m wè
se krache w pou m bwè
son tèt lakribit pou m fè
se wòb ou ki pou sèvi m dra
se kilòt ou ki pou tanponnen m, pou friksyonnen m
se anba tete w m ap rive gaya .
manman lavi
reve nou 4 pye kwaze, pa rèv bòlèt
se yon ve m fè nan chak zetwal ki trebiche
ti cherie
pou m tan ou
mwen pare, pou met letènite anba 7 takèt
mete solèy la nan on malèt.
pou m tann ou
m ap fèmen janm lorizon
pou lalin pa rantre kouche
m ap jouke tan anba 7 ne.
koumanman
mwen fin akaryat an mal makak
ap ekri on pachemen ak on pil mo san devan
san dèyè pou on vye madebat .
cherie a
m ta vle w gentan janbe plizyè kalfou
avan menm ou fin li kourye a
pasyans mwen prèske nwaye lanvi a
cherie pa kite m fin fou.
depi w jou w apante lespri m nan
ou pike pikèt nan tout kwen tèt mwen
menm lonbraj ou m reve ,
m raple m
gen pwèl chèvrèt m poko gaye
gen sekrè m poko pataje
gen langaj m poko pale
gen las kawo m poko rale
gen nan pantalèt mwen poko pandye
gen chimen dwèt mwen poko trase
gen mak zong rèl do m poko pote
chak balad ou nan memwa m
fè m sonje
gon kout gouyad m poko jwenn
gen on moso sòbèbè ki poko
anba ren m
gen sant fouk ki poko anba nen m
pa fè m tounen pwa tann
lanvi m pa gen tout pasyans sa
se jefò m ap fè pou m pa debòde
se je wont je m poko rele anmwey
fin delala
cherie ou wè m mouri poul mwen
pou m grate moso charite w
m vin simen kèk moso plenyen douvan lizyè tande w
pran ka mwen, ranmase sò mwen
vin fè egzòsis pou chase demon ki jouke tantasyon mwen
manman lavi
avan labrenn met pye sou pòtay kè m
avan dezespwa fè m esplikasyon
avan m pèd pawòl
avan bann mwen desann drapo l
avan solèy la fè de kout pòpyè
avan feblès mwen louvri treto l
fon de kout pye non, chache kote m ye
fon kout tèt non, chache kote m jouke
se sou figi m pou w vin chita
si m gen kote m vle bay dènye bout souf mwen
se la
nan mitan teritwa pèdi w la .
se la, wi
se nan fouk ou menm, pou m kaba .
pawòl la di
“ chak pòv mande ak kwi ou”
ebyen men m voye moso kalbas lanvi m devan pòt ou,
fè m gras pot moso lavi banm ,
nan fant kwis ou !
