pòtoprens DEBONDARE
pòtoprens fin pwostitiye
BANDI SE LETA LETA SE BANDI
bandi se leta , leta se bandi
pòtoprens nan piten
pòtoprens janm louvri
pòtoprens kouche sou SAN
pòtoprens a karanklou se menm biten
pòtoprens manje ekspedisyon
pòtoprens rès kleren
pòtoprens DEPOUVI
CHAK KORIDÒ ON SANTÒ
Lespwa pran kouvrefe
chak lakou gon simidò
pòtoprens labouchi
pòtoprens ap vale mò
Pa mande kot leta ?
yo lege pye , yo pa kana
se pa yo ki t ap rete anba lavi l la
yo met tèt anwo petyonvil papa !
si w kwaze leta k ap met may sou
wout nò a
l ap di w li son kapwa
leta di pòtoprens al anba .
pòtoprens menm , sal kou peny ti dan
Chen san met sèvi bawon
kochon pran gonfleman nan tifle moso vivan
mouche sapat yo , se pa pou bèl twèl yo met pantalon
kou jean claude martineau ta di
yo pa ti TELSON non,
nan vwazinaj pòtoprens tout tchovi vivi gen non vanyan
pòtoprens son ka patikilye
pòtoprens ap bave santò
kannivo pòtoprens plen dlo kadav tou santi
pòtoprens bwè dlo mò
makout pòtoprens charye lavalas pwomès tou mouri
pòtoprens pote menm komisyon ak Bwa chènn.
pòtoprens chaje nan chak douvanjou pou gran simityè
pòtoprens pa bezwen bèfchènn
pòtoprens gen biyè ak eskal pou chak teritwa pèdi
si pòtoprens pati avè w , yo pa bezwen bouske w , yo pap jwenn
pòtoprens son katedral chaje zèfèyis pè savann
ak zanfan san kè k ap koleksyone moso kadav pou lofrann
chak Priyè yo monte , se grenn bal ki desann
lari pòtoprens sispèk sipèk
madan kolo a konprès sou tèt
malfrendeng fin pete kankès li
pandan leta ap dodomeya sou lorye li
yo fin konn mès pòtoprens
depi yo satiyèt li de grenn bal
yo pase on ti san kawoutchou anba nen l
pòtoprens blayi bouda l bay
pòtoprens genlè pran kout fwèt chen
potoprens bwè lawonte l
chak leta bezwen
pòtoprens ranmase met sou vant li
tout sa l jwenn
volè a kravat
bandi a sapat
leta mal makak
pwojè pip tabak
operasyon kaka chat
pòtoprens son ka pèdi
pòtoprens son zatrap
pòtoprens se mache sou pinga w
pou w pa pile si m te konnen
pòtoprens son konsomen
moso kadav , fatra ak po bal
pòtoprens toujou degize menm apre kanaval
pòtoprens son panten
nan ke wòb pòtoprens moso kretyen pann
kou ke kap semenn sent
pòtoprens pafimen ak kwabosal
pòtoprens lan se on ke espesyal
nivo malpwopte pòtoprens lan ta dwe etidye
vil pòtoprens son malè pandye
pòtoprens machann imen
pòtoprens son fab ki pa kimen
pòtoprens son ka apa
leta taye pòtoprens teritwa pa tetitwa !
