Èske w ka vrèman defini sa k lanmou
menmlè w ta rive santi l
tou bosal oubyen trankil
Kit li ta fè kè w leje pandan lang ou lou
Lanmou konn fè granmoun parèt piti
Li fè vyeja rajeni san l pa nan zokiki
Lanmou ka fè jèn jwe nan pwèl ak bab blanch
Lanmou ka fè rich jwenn bonè l nan yon modès kay planch
Lanmou se sèl fil zarenyen ki pa pè kòn towo
Li ka frape w atè epi trennen w lè ògèy ou twò wo
Li pa konn ni kretyen ni vodouyizan ni ate
Se sèl vwa lè l ap pale menm soudè tande
Se lanmou ki kreye kit sentaniz kit grandèt
Li ka fè w prete sa w p ap janm ka remèt
Lanmou se sèl richès ki pa pè okenn gran dèt
e li poko janm fè defèt men l abitye fè de fèt
Si m di lanmou p ap janm mouri
sa t ap sanble yon foli oubyen yon idyosi
Puiske l pa gen yon kote l kòmanse pou l ta fini
men si m di l se paske se atravè nou li akonpli
nan imilite san koupi san fè dyòl pwenti
Lanmou jis itilize nou kòm pwòp veso mòtèl
pou nou pataje l kòm zo kòt youn ak lòt kòm
san ipokrizi e san n pa bay li matlòt
Paske l se limyè lavi nan tout kè etensèl
Ou ka chwazi viv sèl
men si w viv san lanmou w ap etenn sèl.

Mèsi anpil kanmarad AdoAdo pou limyè a.
🫡