Kè mwen se yon kantik louwanj
nan yon nanm chan desperans
Chak pa m fè se yon dans
sou nòt LINIVÈ avèk lèzanj
Kè mwen se yon relijyon mounite
san katedral san prèt san imaj taye
Kote tout moun eveye ka vin rasanble
san yo pa bezwen chanje ni pèdi idantite
Kè mwen se yon makè san lank
k ap make lavi san mak san mank
Kè m pa janm pran reyalite m pou prank
Kè m toujou devan paske l se yon tank
Lè kè m anvi pale li souvan pran paj kòm konfidan
Paske nwa sou blan pa janm vyeyi ni chanje dan
ni altere sa yon kè te konfye l pou fè pèsonn plezi
Paj se memwa mo yo pou lide ki refize mouri.
