Menmsi atmosfè a ta
kontinye pèdi kouch,
Dan zòrèy ta fin pèdi chouk.
Mezi zetwal ta fè palavire pou alada
S on santiman k ap rete kach,
S on Verite ki nan nou chak.
Menmsi solèy
ta nan eskonbrit ak nyaj.
Anvi viv nou ta tounen nèj
Se yon lojik ki byen sanse
Chalè de kè sensè
ap toujou fè maryaj.
Lanmou pa janm mouri…
Dèfwa gen jou l paka dekri
osinon pa gen mwayen pou rakonte l.
Men chimen an pa pèdi,
e kwè m li pa p predi w
le jou l deside rankontre w.
Petèt pou ou li ka anfouraye
nan yon foli pase,
nan yon pilsyon pousib
Dèfwa l ka pran w pou sib
Lè w panse l enposib.
Dèfwa ou ka wè tout bagay blanch,
Poutan se lanmou ki bay dezè w bon sab.
Yon (mwen renmen) w definitif
menmsi w ta kite l, menmsi l ta fiktif
Menmsi w pa t fikse l
menmsi w pase alenfinitif.
Lanmou pa p janm mouri
toutotan n toutouni, toutotan limyè n limen.
Kè n ap toujou bat pou yon lòt.
Nan mitan kinenpòt milye imen.
Refoule l se apwouve egzistans li
eksprime l, se defye rezistans li.
