Anba syèl Pòtoprens,
tan an ap fè n FILALANG,
Ata ti souf lavi prete nou an nou pa menm RESPEKTE.
Nou dwe admèt tò n FINALMAN,
Nou nan yon bouk enfènal, kote menm erè yo n ap REPETE
Anba syèl Pòtoprens,
aksyon n pa soti nan tèt ANKÒ,
Yo sispann soti nan kè, ou te ka di nou pèdi IMANITE N
Pa gen lavi ni nan lespri n ni NAN KÒ N
Nou envite tout sa n te dwe evite, lakay nou yo VIN ABITE
Anba syèl Pòtoprens,
nou aji pi mal PASE BÈT,
Fason nou konpòte n fas a lòt montre nan ki eta NOU LÈD
Dezespwa sou nou ap PASE BÈL
Koze zafè kabrit pa zafè mouton sa plonje n nan mizè NOU RÈD
Anba syèl Pòtoprens,
nou pèdi nan yon LABIRENT
Nou pa gen a ki kriye a ki reponn, pa gen moun pou pote n SEKOU
Gouvènman an menm A BIREN L
Chak fwa n bese tèt nou e pandje devan l, nan bouda n sa l mete? SE KOU
Anba syèl Pòtoprens,
Bandi se nan Leta l GEN “BESTIE”
E yo pa wè se itilize y ap itilize yo, yo jis yon pakèt ENBESIL
Epi toutan lakay nou n pa MET LÒD
Se menm machann peyi yo k ap vin dechèpiye n men ak yon nouvo METÒD
