Kè m ap pale an SILANS
nan moman m CHWAZI PE.
Si m te ka se t ap SIY, DANS,
pou sa m fè CHWA ZIPE L.
Pale avè w san mo PASE KRÈM,
a chak fwa m POZE JE M SOU OU.
E souri w fè m LACHE KÈ M,
m pa nan PWOTEJE M POU OU.
Lè vwa w PRAN DANSE
dousman NAN LESPRI M
ak MANM MWEN.
Silans lan ANNDAN M SE
yon fason m DONTE KRIM
ak NANM MWEN.
Kite men m RAKONTE W
sa m resanti ak AKSYON M YO.
Kite nou RANKONTRE
kote m pa t ap rive AK SON M YO.
Sou ou kite m KONJIGE
vèb ki fèt pou moun a devwa KONJIGAL
Tank on vrè DJEGA
kite kè m fè kèk DAGA
Nan silans lan, kite kè m pale, paske…..
Gen mo pou eksplike TOUT BAGAY,
men gen bagay okenn mo PA KA DEFINI.
Gen koz ki merite pou li POU W BATAY
e gen batay janmen ki PA TA DWE FINI.
