Mo yo pa pale ankò ,
yo pè fè eko
nan mitan kout zam.
K ap chante
Vil la tounen simityè
kote lavi ap dòmi san drap.
Pyebwa pa fleri,
tchovi yo san abri
Solèy la, leve,
Men li pa chofe
Lespwa pèdi pye
Yo mete laperèz
kote k te gen lanmou.
Yo pran vwa nou,
Yo mete silans sou rèl nou.
Men nou la
tankou flanm
ki refize mouri,
tankou pyebwa
k ap grandi
nan mitan debri.
N ap leve,
n ap reve
Yo men m y ap pyafe
Sou kadav on pèp
San espwa
Lavi klore sou kwa
Ap gade leta
K ap bay lanmò ochan

Ewa ewa powèt.
🫡🫡 anpil love pi gran
✊🏾
🙌🏾