Mwen, mwen s on machann pasyon
ki te vle ekri pwenti. Men kounya, ki kwense nan yon tiwa panse, ap chache esans yon pèp akiltire, epi tenpan l tanpe ak pil tire.
Dantan, malgre lesklavaj, zansèt yo te fè ti lite pou kare yon gwo batay. Dantan,
sousi n se pa t sousòl, se pa fètilite n ki
t anpeche n kuit gwo bagay.
Alèkile, n ap riminen kèk rèv delika
nan yon reyalite lago deli. Nanpwen mè
pa bò isit, tèlman tout katye fin fè moun pè.
Se chak tan n wè lòt peyi asire, nou sonje jan peyi a sire. Tout lespwa nou se pati, politik lakoz byenèt nou kache anndan malèt.
La vyolans pa gen klaksonn, pi rèd pase malè. Poutan, pwomès ap sonnen lespri, san pyès diskou pa bay eko lojik. Iresponsablite petri konsyans
jouktan dezas mantal touche ekoloji.
Yo di n chaje resous natirèl, men chak tan dirijan yo f on katastwòf pou eksplwate lepèp, se nou lopozisyon bay min. S on peyi ak doub vitès !
Pandan genyen k ap pran jòf solèy k ap foubi do lanmè, gen lòt lizyè l se lafimen tout avwa l ki sèl manto pou syel. Pandan genyen k jwenn van k ap karese palmis li nan wotè, gen lòt l ap seche rad osinon l se akolit pousyè I.
Pandan genyen fatra tounen lansan
pou pirifye kò l k ap benyen nan san,
gen lòt zo reken se depotwa l pou l peche
ti pwason.
Leta refize konn nòm li, nan bay elit otonomi fikse refij ekonomi. Depi tout fin pran gou gran, yo bliye tout sa k nan grangou. Isit, lannuit ak lanmò gen menm prefiks, rèv ak imajinasyon gen menm pwen fiks, demokrasi ak debandad se menm pretèks.
Nou pa ka dòmi je fèmen, paske nou fèmen je n sou sa k ap fè n dòmi. Isit, menm ti polis pa ka bannou sekou lè mèt minwi yo ap sekwe n. Kidonk, ant reyalite ak rèv nou
gen sèlman yon mèt senkant viral, paske ensekirite fin enfekte tout tèt seksyon riral.
