Solèy la tann chapo l sou tèt mòn yo
van ap bat tanbou sou eskanp figi lavi
jounen an kanpe sou 2 pye militè
lanati pomen zèl li
syèl la louvri jipon l
li al tabli pyent pye l dèyè lorizon
Pipirit sou estera
cheni fè zèl pou banbile sou flè sole
latè DEKORE
A pi bèl koulè ke miray Basquiat pentire
pye lespwa fin poudre nan bouske moso dan ri
kou pwezi Georges Castera resite
yon douvanjou ki pwomèt
pandan goutyè move tan
ap kontinye degoute .
Apre twòp rityèl depaman pou desann lalin,
apre tout pelerinaj zetwal yo
pwent tete lavi kanpe djougan ,
Solèy douvanjou kanpe brenzeng pou fè zwazo chante
apre flanbo degoudans fin boule,
Tout branch ranpli
Madan Sara ap machande mouche
chak moso lanmou vle on ajoupa pou jouke,
chak kè mò rèd vle on moso dra pou tere ,
Panyen lavi a gaye sou makadam nan
gen on sèl bese triye
bouske sou bouske
nan on pèpetyèl mache chache ,
on dividal kach kach liben,
jounen an san ponktiyasyon
labrenn fè chal koulis
anba on bann lamayòt
loray kale
tout kretyen vivan vle konplis
pou konte chak grenn lanjelis
avan tan pare
nan veye ti grenn lakontantman dlo bote.
tonnèkrisboulit
Tan vini, tan ale
Dlo a vin a menm lavalas yo
a menm rigòl ren mare yo
kè yo pa sispann maspinen sou menm estrad yo
nan chak kè, gen on pi a tezen
on bafon k ap vale grenn lanmou san donnen
epi .
NAN grate Laperèz , kè ap fè maleng
sou on dividal lestomak kole pyese
ki pa menm ka pran denye seren
gras mizerikòd
Lanmou pa konn dèyè pyese
ak on bann moso kè tèt mato
n ap bouske on denye charite
pou ranmase kèk goutyè lanmou
pou wouze tout nanm fèy tonbe
tankou pye bwa nan kase lezo mwa me
on bann kè deboulonnen ka p fon denye grese sere
on dènye lank plonje nan lanmè larezon
on dènye grenn sèl anba lang lespwa
on denye madjigridji sou figi desepsyon
on denye vè tout koulè
ak fraz ki pa nan gramè
on denye akwostich ak tout vokabilè
pou on dènye pledwari.
sa kè te pè pote,
sa tan te fin kraze.
on denye bat chal bare dèyè lasisin
pou pran on denye gou lannmou sou
bouch lavi
menm lè laperèz fin grate kè jouk li fè maleng,
menm lè tan fin bale wouze kèk moso mounite,
toujou gon ti bagay
ki refize rete anba poubèl la,,
on dènye espwa anva lavi kaba .
gon flè dizè ki pou leve nan mitan pil fatra
anba tout mak pousyè
anba tout sann nanm ke brize brile
anba tout mak kout kouto tan kite
gen dènye grenn kè ki pa bliye jan pou l jèmen,
gen dènye limyè lanmou ki pa tenyen.
on dènye zobouke ki pare pou denye renmen!
